Avi rekritman

Date de clôture

Fakilte Lengwistik Aplike (FLA) Inivèsite Leta Ayiti ap angaje 3 mentò nan kad objektif 3 pwojè Edukayiti a ki vize ranfòsman sèvis edikatif la nan Sidès ak amelyorasyon kalite ansèyman an nan premye sik lekòl fondamantal. Objektif 3 a bay FLA a misyon pou li elabore epi eksperimante yon metòd literasi pou premye sik fondamantal la. Se yon pwojè Inyon ewopeyèn ak Ajans espànyòl koperasyon entènasyonal pou devlòpman finanse.

Travay mentò yo se ede FLA a nan eksperimantasyon metòd la a nan 15 lekòl nan depatman Sidès. Yo ap travay sou sipèvizyon kowòdone ant dwayen FLA ak dwayen Fakilte Syans Edikasyon Inivèsite Piblik Sidès nan Jakmèl ("UPSEJ") daprè pwotokòl akò ki siyen ant "UPSEJ" avèk Inivèsite Leta Ayiti nan kad pwojè a.

Se yon travay tan plen kote mentò yo ap genyen pou vizite regilyèman lekòl kote yo ap afekte yo dapre planifikasyon FLA avèk "UPSEJ".

Mentò a dwe abite nan youn nan komin Sidès sa yo: Benè, Bèlans, Kay-Jakmèl, Kòtdefè, Jakmèl, Lavale-Jakmèl, Marigo. Li dwe genyen pwòp mwayen travay li : laptòp, telefòn, entènèt.

Travay ak responsablite mentò yo

  • Ede anseyan yo nan aplike metòd la nan 15 lekòl yo;
  • Toujou disponib lè anseyan yo bezwen yo nan kad eksperimantasyon metòd la sou plan pedagojik ak didaktik;
  • Reponn demand anseyan yo oubyen konseye yo sou metòd la;
  • Asire yo pwofesè yo byen anseye metòd la jan sa dwe fèt;
  • Kolabore avèk konseye pedagojik yo, direktè lekòl yo pou amelyore pratik ansèyman ak aksyon pedagojik ki gen rapò avèk metòd la;
  • Akonpaye anseyan yo nan tout aktivite ki konsène metòd la;
  • Soumèt rapò suivi bay "UPSEJ" ak FLA nan tan yo sipoze bay yo;
  • Pataje avèk ekip UPSEJ" ak FLA tout difikilte anseyan yo rankontre nan aplikasyon metòd la;
  • Patisipe nan evalyasyon lekòl yo fè pou verifye nivo konpreyansyon elèv yo;
  • Itilize fomilè evalyasyon ki elabore pou sa pou suivi aplikasyon metòd la;
  • Kolabore avèk ekip ki gen pou fè evalyasyon "EGRA" oubyen lòt kalite evalyasyon;
  • Patisipe nan tout lòt travay yo ta mande yo nan lekòl temwen yo;
  • Patisipe nan tout aktivite FLA a mande yo nan kad pwojè a;
  • Patisipe nan preparasyon rapò etap oubyen rapò final ekip FLA a ap gen pou li pwodui.

Pwofil ak eksperyans teknik e pwofesyonèl

Kandida a dwe genyen :

  • omwen yon diplòm nan Syans edikasyon oubyen yon disiplin ki pwòch;
  • omwen 2 ane eksperyans nan montaj pwogram edikatif;
  • kapasite ak eksperyans nan anime fòmasyon pou anseyan 1e sik fondamantal;
  • yon wo nivo metriz lang kreyòl ayisyen an sitou nan domèn ekri;
  • konesans nan itilizasyon ‘Microsoft Office’, teknoloji kominikasyon ak entènèt;
  • kapasite pou devlope bon relasyon ak kapasite pou kominike nan tout sitiyasyon.

Dosye kandida a dwe genyen :

  • Yon lèt motivasyon an kreyòl kote li ap eksplike jan li konprann pòs la;
  • Yon pwopozisyon finansye sou montan salè li pa mwa ki pa dwe depase 1000 USD;
  • Yon kourikoulòm vite ("CV") ki fèk fèt;
  • De (2) lèt referans (an kreyòl oswa an fransè);
  • Kopi diplòm ak eksperyans travay li;
  • Kopi matrikil fiskal valid ak kopi nimewo idantifikasyon inik li.

N.B1: Nan moman tès oral la, kandida a dwe soumèt orijinal diplòm li yo pou verifikasyon. 

Depo kandidati

Moun ki enterese yo dwe voye dosye kandidati yo nan adrès Sekretarya jeneral FLA a ki se : fla@ueh.edu.ht pou pi ta jedi 8 desanm 2022 a 3 zè 59 mn nan apre-midi.

N.B. : Kandida a dwe konprese tout dokiman li yo nan yon sèl dosye zip.

Kandida a ap gen pou li pase yon tès oral ak yon tès ekri. Se kandida dosye yo respekte tout kritè aseptablite yo sèlman ki ap resevwa envitasyon pou patisipe nan tès sa yo.